http://mbimb.org/wp-content/uploads/2022/09/cropped-Hearts.png
My Body Is My Body Foundation

Haitian Creole -Kò Mwen se Kò Mwen

Byenvini nan Pwogram Mizikal Prevansyon Abi sou Timoun Kò Mwen Se Kò Mwen.
Li se youn nan pwogram mizikal « sekirite kòporèl » ki gen plis siksè, pozitif, ak amizman Pwogram nou an anime pou w ka pataje l ak timoun ki nan lekòl matènèl, primè, , sant òfelina ak nan fwaye yo.
Pwogram sa a GRATIS pou tout moun.


 « Anpeche Abi sou Timoun »

Èske w ap chèche yon fason pou montre timoun piti yo sou prevansyon abi sou timoun – men ou pa konnen ki jan pou kòmanse?
E byen, nou ka ede w. Pwogram prevansyon abi sou timoun nou an gen aktivite pou montre timoun atravè lemonn prevansyon abi sou timoun.
Pwogram « Kò Mwen Se Kò Mwen an » ap pèmèt ou abòde sijè sa yo, yon manyè senp, etap pa etap, ak chante anime ki amizan. Pwogram senp sa a ap pèmèt ou pou bay timoun yo pouvwa epi ede w louvri pòt kominikasyon yo.
Pwogram entènasyonal prevansyon abi sou timoun nou an genyen:

  • Telechajman .pdf konplè nan plizyè lang
  • 6 chante pou anpeche abi
  • Enstriksyon etap pa etap pou chak chante
  • Lide pou fè timoun yo patisipe
  • Siy pou chèche
  • Anpil enfòmasyon itil

    Konsekans abi sou timoun pou timoun ki konsène a ak sosyete a konsiderab. Edikasyon se youn nan pi bon fason pou anpeche sa rive, oswa omwen si yon timoun deja nan yon sitiyasyon maltretans, l ap ba yo konesans sou sa pou yo fè ak ki moun pou yo pale pou yo ka jwenn kèk èd. 
    Pi bonè noupale ak timoun yo sou sijè « Sekirite Kòporèl » l ap pi bon, e mwen konnenpwogram sa a ap fonksyone pou timoun ki gen 3 zan, paske mwen te prezante li bay plis pase 350,000 timoun Ozetazini sa te fèt ak anpil siksè. 

    Bote Pwogram Kò Mwen Se Kò Mwen an fè nenpòt moun ka itilize li Travayè sosyal, pwofesè, moun k ap bay sèvis gadri, paran, moun k ap bay sèvis pwogram soutyen eskolè , òganizatè klèb espòtif ak anpil lòt ankò. Li senp, fasil pou memoriz , epi li louvre vwa kominikasyon sou sijè abi a, ki se nan pi gwo enpòtans. 

    « Ki jan pou ou abòde sijè maltretans ak jèn timoun ? »
    Pifò granmoun pa renmen pale sou sijè abi a, e lide pou eseye abòde jèn timoun yo nan yon fason pozitif ka yon pèspektiv entimidan. Sepandan, chante amizan nan pwogram sa a pèmèt moun yo angaje yo ak timoun yo yon fason senp ak pozitif.

    Poukisa mizik?

Chante yo tou se yon fason ekselan pou timoun yo sonje mesaj enpòtan yo kòm yo entèyaktif Mwen sèten nou tout sonje ti chante nou te aprann lè n te timoun. Chante sa yo ak mesaj sa yo pral rete ak timoun yo epi yo pral yon bon baz pou leson lavi nan lavni.
Yon etid ki te enplike timoun yo, ki te pibliye nan Jounal Mizik Terapi “(Journal of Music Therapy), te montre mizik ak aprann nouvo chante gen rapò ak yon
konsèp tèt yo ki pi pozitif ak devlopman estim pwòp tèt yo, sa ede timoun yo santi yo pi byen nan po yo. 
  
Ki jan yo sèvi ak pwogram sa a: Kenbe l nan plezi –
Chante yo se animasyon amizan epi pozitif, pèsonaj desen anime ki rele Cynthie prezante. Chante ansanm, fè mouvman men yo, danse, epi fè jès yo pou eseye fè mesaj la pase memorab. 
Rete senp –
Jèn timoun yo pa bezwen konnen okenn detay “an pwofondè” sou abi a. Jis ba yo règ senp:

  1. Pèsonn pa ta dwe fè ou mal
  2. Pèsonn pa ta dwe manyen pati prive ou yo
  3. Pèsonn pa ta dwe pran foto pati prive ou yo
  4. Si ou gen yon pwoblèm, di yon granmoun ou fè konfyans sa
  5. Pa kenbe sekrè si yon moun ap fè ou mal oubyen manyen pati prive ou yo
  6. Di yon granmoun ou fè konfyans sa si y ap entimide ou.

    Rete pozitif –
    Objektif prensipal la se pèmèt timoun yo santi yo bien nan kò yo epi an sekirite pandan yo konnen yo gen yon moun pou yo pale si gen yon pwoblèm.Yon sesyon redaksyon lèt oswa desen se toujou yon bon lide apre sesyon an nan ka nenpòt nan timoun yo ta gen pwoblèm yo ta renmen pataje.
     
    Mwen toujou sijere nou fè timoun yo kanpe epi chante – yo pral pi atantif pase lè yo chita, epi li pi fasil pou fè mouvman men yo.
Hearts

The Songs

Song 1

Chante 1 - Kò Mwen Se Kò Mwen

"

Bonjou/Bonswa, non mwen se Cynthie e jodi an nou pral fè Pwogram “Kò m se Kò m” lan. Nou pral chante chan, pran plezi nou epi aprann kijan pou nou rete ansekirite. Ou konnen, kò nou trè espesyal e pèsòn pa gen dwa pou fè nou mal oswa touche pati entim nou yo oswa fè anyen ki rann nou santi nou malalèz paske li se kò espesyal nou.

Nou pral chante premye chan an kounya – e mwen vle ou chante ak mwen – sa rele Kò M Se Kò M

"

Song 2

Chante 2 Si Li Pa Bon

"

Nou pral amize nou ak pwochen mizik sa, Li gen yon règ ki tèlman enpòtan pou nou sonje…
E règ lan se – Si ou pa santi l byen – pa fè l !! Kounya mwen pa p pale tankou fè devwa ou, oswa netwaye chanm ou
Mwen ap pale de si yon moun eseye fè ou ale yon kote ak yo e ou konnen se pa sa ki kòrèk pou fè a. Si ou pa santi l byen – pa fè l !! 
Oswa si yon moun eseye fè ou fè yon bagay ki rann ou santi ou malalèz.
Si ou pa santi l byen – pa fè l !!

"

Song 3

Chante 3 « Jwèt E Si

"

Kounya nou pral jwe “Jwèt E Si” an. Nan chan sa a nou pral aprann sa pou nou fè si yon etranje eseye fè ou ale ak yo, oswa si yon moun eseye touche pati entim ou yo. Èske ou konnen kote pati entim ou yo ye? Yo kote souvètman oswa pantalon ou yo kouvri an. Pèsòn pa ta dwe touche pati entim ou yo apa lè ou trè jèn, manmi oswa papi ap blije lave ou la, men byento ou pral aprann fè sa pou tèt ou. Petèt si ou malad oswa kò ou ap fè ou mal, manmi oswa papi oubyen yon Doktè ta gendwa mete yon medikaman la, men apa sa pèsòn pa ta dwe janm touche pati entim ou yo. Nou pral aprann tou sa pou nou fè si yon moun lakay nou oswa fanmi nou rann nou malalèz oswa eseye fè ou mal. Tout sa ou gen pou ou fè nan jwèt sa a se di “NON” donk mwen vle ou rele byen fò…

"

Song 4

Chante 4 Si Ou Gen Yon Pwoblèm

"

Li vrèman enpòtan pou rakonte yon moun si yon moun ap fè ou mal oswa touche pati entim ou yo, menm si ou santi ou pè oswa jennen ou bezwen pou ou trè, trè brav e rakonte yon moun sa.
  Tèlman gen moun pou rakonte sa, Manman, Papa, Grann, Granpapa, Matant, Tonton, Pwofesè, Kouzen, Vwazen, paran zanmi ou yo, lapolis, enfimyè ak anpil lòt moun toujou ozalantou ou.  Kounya si ou rakonte sa e moun pa kwè ou, yo ta gendwa menm di ou kenbe sa sekrè – men apresa ale epi rakonte yon lòt moun sa. Si yo pa kwè ou – apresa ale rakonte yon lòt moun sa e kontinye rakonte l jouk yon moun koute ou. Pa janm, janm bay vag!!

"

Song 5

Chante 5 Lanmou Dous

"

Ann pale sou lanmou, li trè enpòtan pou yo renmen ou e moun pa montre ou lanmou yo lè yo fè ou mal oswa ap fè bagay ki rann ou santi ou malalèz. Moun yo montre yo renmen ou lè yo fè bagay ak ou tankou li liv, jwe jwèt, amize yo, flannen oswa montre ou kijan pou ou montre bisikèt ou an.
Lanmou gen pou wè ak pataje epi sousye youn pou lòt. Paran ak moun k ap ban nou swen yo asire yo voye je sou nou, yo ban nou manje, asire yo nou netwaye dan nou, e nou gen rad pwòp pou nou mete e si nou malad yo mennen nou kay doktè. Li trè enpòtan pou yo byen voye je sou nou pou nou ka grandi ansante, nan kè kontan epi djanm.

"

Song 6

Di "NON" Ak Sekrè 

""

cropped-cropped-Hearts.png

Signs of Child Abuse

Endikatè Abi sou Timoun

Sa ki anba la yo se endikatè abi ak neglijans ou ka wè nan timoun yo. Si ou wè nenpòt nan endikatè sa yo oswa si yon timoun revele enfòmasyon sa yo ba ou,
1. Rete kalm epi pa fòse timoun nan bay enfòmasyon.
2. Konsole timoun nan epi remèsye yo paske yo pataje avèk ou epi fè Sèvis Pwoteksyon Timoun ki konsène a konnen
3. Sonje yon timoun ka sèlman divilge yon ti pòsyon nan enfòmasyon alafwa jiskaske li wè reyaksyon ou kalm ak sipò.

Sa ki anba la yo se kèk siy abi. Timoun nan ka soufri yon melanj sa yo kidonk se jis yon gid. Si ou remake yon chanjman diferan nan konpòtman yon timoun asire ou pran nòt pou w wè si nenpòt nan yo enpòtan.

Siy abi fizik
Aparans timoun nan
* Ematom, anfleman, boule oswa zo kase
* Mak mòde
* Blesi souvan toujou eksplike kòm aksidan
* Si yon eksplikasyon pa koresponn ak aksidan an
* Mete manch long oswa lòt rad pou kache blesi

Konpòtman timoun nan
* Dezagreyab, difisil pou jwenn ansanm ak
* Trè timid, evite lòt moun
* Kapab twò enkyè pou li fè moun plezi
* Parèt yo dwe pè paran yo
* Montre ti kras oswa pa gen okenn detrès lè yo te separe ak paran yo

Siy neglijans
Aparans timoun nan
* Move ijyèn, cheve sal, odè kò
* Rad ki pa apwopriye pou tan an
* Nan bezwen swen medikal oswa dantè

Konpòtman timoun nan
* Souvan fatige, pa gen enèji, letaji
* Sipliye oswa vòlè manje
* Anreta oswa absans souvan nan lekòl la
* Konpòtman defyan
* Fèb estim pwòp tèt li

Siy abi emosyonèl
Aparans timoun nan
Siy yo ka mwens evidan pase nan lòt fòm abi, konpòtman se pwobableman endikasyon ki pi bon.
* Retrè souzanmi nan ak aktivite sosyal
* Anreta oswa absans souvan nan lekòl la
* Pèt estim pwòp tèt li
* Konpòtman defyan
* Chanjman nan pèfòmans lekòl la

Siy abi seksyèl
Aparans timoun nan
* Kilòt oswa slip chire oswa ki gen tache san
* Eksperyans doulè oswa gratèl nan zòn jenital yo
* Gen yon enfeksyon seksyèlman transmisib

Konpòtman timoun nan
* Konpòtman seksyèl oswa konesans ki pa apwopriye pou gwoup laj timoun nan.
* Manyen seksyèlman lòt timoun yon fason ki pa apwopriye.
*Chanjman rapid nan konpòtman
* Repiyans ekstrèm si yo manyen yo nenpòt fason

Si ou sispèk Abi sou Timoun, rele Sèvis Pwoteksyon Timoun ki konsène yo epi jwenn konsèy. Y ap koute enkyetid ou yo epi yo pral pran aksyon si yon timoun an danje.

Ann kenbe timoun yo an sekirite !!

 

 

MBIMB General 1

Kesyon yo pi poze (kesyon timoun yo)

Kesyon: Poukisa moun fè timoun mal?
Repons: Gen plizyè rezon ki fè moun fè timoun mal. Gen kèk moun ki te maltrete lè yo te timoun epi yo kontinye ak chèn maltretans sa a nan fè lòt moun mal. Gen kèk moun ki gen pwoblèm ak alkòl, bwè, dwòg oswa kòlè e se pou sa yo fè timoun yo mal. Bagay prensipal la se pou sonje li mal pou fè timoun yo mal, se poutèt sa nou toujou bezwen di yon moun sa, pou ou ka jwenn èd.

Kesyon: Poukisa moun manyen pati prive timoun yo?
Repons: Ankò, gen anpil rezon ki fè moun fè abi seksyèl sou timoun, anpil moun ki fè mal sou timoun yo te sibi abi, se poutèt sa li enpòtan pou di sa paske moun sa yo bezwen èd ak tretman pou yo ka vin pi byen epi yo pa fè timoun yo mal ankò.

Kesyon: Kisa pou mwen fè si pèsonn moun pa kwè mwen ?
Repons: Si ou di yon moun sa epi yo pa kwè ou – Lè sa a, di yon lòt moun sa epi kontinye di lòt moun sa jiskaske yon moun kwè ou.

Kesyon: Si mwen di sa, kisa ki pral rive?
Repons: Yo pral gen pou rapòte yo t ap fè ou mal. Lè sa a, yon moun pral vin pale ak fanmi ou. Yo pral wè si li an sekirite pou ou rete lakay ou oswa si ou bezwen ale yon lòt kote kote yo ka kenbe ou an sekirite.

Kesyon: Kisa mwen fè si mwen di NON!! epi yo pa sispann?
Repons: Si yo pa sispann lè ou di non – rele byen fò si gen yon moun ki ka ede ou , oswa ou konnen gen moun ki bò kote ou k ap vin ede ou . Si pèsonn pa la, ale di yon moun sa byen vit pou ka an serikite..

Kesyon: Kisa pou mwen fè si yo di mwen yo pral fè mwen mal oswa se yon moun nan fanmi mwem ki di mwen sa?
Repons: Moun ki abize timoun yo pa vle lòt moun konnen ki sa y ap fè, kidonk yo ka eseye menase ou oswa yon moun nan fanmi ou epi di ou kenbe sekrè. Ou bezwen gen anpil kouraj epi di yon moun pwoblèm ou.

Kesyon: Kisa pou mwen fè si se frè mwen oswa sè mwenki maltrete mwen?
Repons: Di paran ou sa epi si yo pa koute ou di yon moun nan lekòl la sa oswa nan lis moun nou te diskite yo.

Kesyon: Èske yo pral fache Si Mwen Di Sa?
Repons: Li pa toujou konsa, men wi yo ka fache, men ou toujou bezwen gen kouraj epi di sa pou moun nan sispann fè ou mal oswa manyen pati entim ou.

Translate Our Website »